this used to be photo

Juno7

Foutbòl: 10 gwo jwè ki pa janm pran katon wouj nan karyè yo

Jan. 19, 2021, midnight

Dimanch pase a, nan sipèkoup Espay ki te opoze Bilbao fas ak Barcelone, nou te ka viv aksyon antije Lionel Messi a sou yon jwè Bilbao, Asier Villalibre, ki te tou fè abit match la mete l deyò nan rankont lan apre vizyonaj videyo. Si Messi antanke gran foutbolè pran katon wouj nan karyè l, gen yon lis enteresan 10 gran foutbolè ke nou konnen ki pa janm pran katon wouj 1- Ansyen milye teren ekip Baselòn lan jwe 849 match, li pran sèlman 53 katon jòn. 2- Ansyen jwè Bayern lan jwe 715 match li pran 45 katon jòn sèlman.3- 2e meyè bitè ekip Reyal Madrid la jwe 1054 match nan karyè l, li pran 50 katon jòn 4-Ryan Giggs Ansyen mitan teren anblematik Manchester United la pa pran wouj tou men li avèti 47 fwa ak katon jòn pou 1027 match li jwe nan karyè l. 5-Gary Lineker Ansyen jwè ekip Baselòn ak Totènam lan jwe 647 match. Li pa janm pran jòn alevwa katon wouj. 6-Karim Benzema Aktyèl atakan ekip madrilèn lan poko janm pran wouj nan karyè l. Li sou 817 match sou ansanm karyè l k ap kontinye jiskaprezan.7-Michel Platini Jwè fransè a ki ranpòte 3 balon dò pa janm pran katon wouj pandan l te jwe 655 match nan karyè foutbòl li. 8-Maxime Bossis pran 4 katon jòn pou 710 match li jwe. Li pa t janm pran wouj. 9-Gianfranco Zola Pou 831 match, italyen an ki te defann koulè Parme, Chelsea ak seleksyon italyèn lan pa janm pran wouj. 10- Stanley Matthews Menm jan ak Gary Lineker, Stanley Matthews ki se jwè ki pran pou premye fwa Balon Dò pa t janm pran jòn alevwa wouj.