this used to be photo

Juno7

Maladi gal: gouvènman an fè konnen gen klinik mobil ki deplwaye nan anpil komin nan peyi a

Jan. 29, 2021, midnight

Sou enstriksyon Premye Minis Joseph Jouthe, ministè sante piblik deplwaye depi yè jedi 28 janvye a kèk klinik mobil nan komin ak seksyon kominal Kafou, Petyonvil, Lagonav, Tigwav ak Akayè pou al lote laswenyay bay moun kap soufri ak maladi sa, daprè sa kominike a rapòte. Toujou selon menm kominike a, MSPP distribiye deja medikaman bay moun ki gen maladi gal la. Menm kominike sa fè konnen DINEPA ap travay bò kote pa li pou distribiye dlo potab nan komin ak seksyon kominal ki touche yo. Gen yon kanpay sansibilizason ak enfòmasyon ki deja kòmanse nan zòn ki gen maladi a. Kanpay sa chita sou ijyèn kòporèl, kòman pou itilize dlo potab, enpotans lesiv ak jan pou trete rad ki enfekte yo, daprè sa nou li nan kominike sa.N ap raple w gratèl la se yon sentom maladi gal la, yo rele l nan langaj medsin “Sarcoptose”. Yon moun ki gen sentom maladi sa (yon moun kap grate san rete) ou pa dwe dòmi sou sa se ale lopital pou ou jwenn bon jan medikaman ak konsèy sou fason pouw pran swen kòw.