this used to be photo

Juno7

Fantom 509 nan lari, 2 machin boule sou Lali

Nov. 20, 2020, midnight

Nan pasaj yo sou Lali, 2 machin arive boule nan zòn sa, tou prè imigrasyon. Yo mete dife nan tèt yon trelè ki kanpe an kwa nan mitan lari a ki fè sikilasyon an paralize. Ekip Fantom 509 la pran lari pou kontinye egzije meyè kondisyon pou polisye yo. Pandan pasaj yo, te gen yon van panik kote paran t ap kouri al chache pitit yo lekòl, machin t ap kase tèt tounen apre anpil detonasyon lè yo t ap pase. Nan moman atik sa t ap ekri, gwoup Fantom 509 la te mete tèt yo an direksyon ba Lali, kote yo te vire ale bò ministè jistis, plizyè machin leta boule, chif yo ta bay anviwon 9.Pou kounya, yo ap monte anwo Dèlma pou ale Petyonvil kote yo prevwa ale vizite kay prezidan an nan Pèleren 5. N ap raple w sa pa gen pil jou depi la gen yon nouvo direktè jeneral ki se Léon Charles ki ranplase Normil Rameau. Koze Fantom 509 la te toujou repete sou Normil Rameau nan mande bon kondisyon epi kite anprent yo nan lari a lè yo fin pase. De pwoblèm nouvo DG ta dwe gen kòm misyon pou jere pou satisfè revandikasyon gwoup sa.