this used to be photo

Juno7

APS ap pare pou lanse 2è edisyon fwa sou seksyalite

Nov. 22, 2020, midnight

Gen plizyè lòt aktivite an liy ki pwograme soti 27 novanm pou rive 1e desanm. Nan yon ti pale ak , responsab kominikasyon, sou aktivite sa, li te pwofite pote eksplikasyon nan detaye pou nou kisa ki platfòm APS la epi kisa kipouse ekip platfòm sa vini ak yon aktivite konsa. Li te kontinye pou l di: Se pou rezon sa yo daprè Jean Luc Dufresne ki fè ekip la ta pral vini ak yon aktivite konsa pandan l bay detay yo konsa: Ane a, pou dezyèm edisyon an, tèm òganizatè yo chwazi se Daprè eksplikasyon responsab kominikasyon aktivite a, tèm sa soti nan konplèks moun genyen ak kò yo Aktivite jounen 28 novanm anndan fwa sa ap anpil si n refere n ak detay Jean Luc Dufresne yo ki fè nou konnen fwa a ap fèt an 2 pati. 1e pati se pou ekspozisyon kote lis ekspozan yo se Profamil, IYAFP, Kouraj, Libre La Pléiade, Plezi Pam Sextoys, Kookie Lingerie, Cocktail de Lilie elatriye. Dezyèm pati a konsakre ak panèl diskisyon k ap abòde plizyè sijè tankou pratik seksyèl yo ki enpak sou kò ak lasante, l’hypersexualisation du corps de la femme, c’est quoi?Jean Luc Dufresne fè konnen tout bagay sanse pare pou aktivite a pandan l enfòme nou fidbak la pozitif bò kote piblik la ki t ap tann aktivite sa depi mas men ki pa t ka fèt akoz Kowonaviris la. Responsab kominikasyon an di ekip la espere deba k ap gen sou seksyalite a yo swete yo pa rete sou rezo a sèlman men patisipan yo ka pote yo ale nan lekòl, inivèsite pou deba a ka ale pi lwen ke sa. Fòk nou note ke se 500 goud pou w peye pou w ka patisipe nan fwa sou seksyalite a k ap fèt nan lokal BANJ, 28 novanm, soti 9 vè 30  nan maten pou rive 6 zè nan aswè. Soti 27 novanm pou bout 1e desanm, ap gen deba an liy sou plizyè sijè, entènot yo ap ka swiv yo sou plizyè paj pami yo FOKAL ak Ann Pale Seksyalite.