this used to be photo

Le Nouvelliste

Drapo ki ka sèvi pou konferans nasyonal enklizif souvren

March 8, 2021, midnight

Chak fwa Pèp Nasyon peyi Dayiti gen pou li goumen gwo batay lan lagè lap mennen depi 1503 pou libete ,souverente ak lavi miyo, li toujou mete kanpe yon senbol ki se imaj  moman inite ki make istwa-l, pou tout tan ki vini apre yo. 14 Daout 1791 ,seremoni lan Bwa KayIman, kote yon gwoup esklav te reyini pou  pataje volonte  yo pou Viv lib sou lideship Boukman ki te pran tèt  batay la. Yon Manbo te Konsakre inite sa a lan sakrifye yon kochon nwa, epi separe san wouj la bay tout esklav ki te la yo bwè.  Se te yon senbol moman inite senbolik nan mitan esklav ki tap pral mennen gwo soulèvman ak zam 22 Daout 1791. Mwa Me 1803 , nan mitan lagè pou  endepandans peyi a. Dessalines ak Pétion oganize yon gwo wouble pou deside kreye drapo/labanyè lamè endijèn lan. Drapo wouj ak ble a, rete senbol ak imaj lot moman initè ki ranmase fwa sa a, esklav revolte ak ansyen lib. Men Listwa aprann nou tou ke drapo Jeneral Dessalines te nwa e wouj, yon lot bo  pa Jeneral Petion te rete wouj ak ble , nou respekte sa. Jounen Jodi a ,nan moman difisil kote pèp nasyon ap chache wout pou li mèt teritwa-l, pwopriyetè riches nan peyi-l, kote lap deside lib e libe avni-l ak pa pitit li . lan moman Kote pawol fok Pep Nasyon gen leta pa-l la, pou jere règ jwèt Viv ansanm nan. Nan solidarite youn ak lot pou pwogrè blayi. Koze Inite Istorik Pep nasyon lan tout kategori sosyal " de progres" kap batay lan peyi a vin pi nesese chak jou. . Si pandan lagè endepandans  zam te nesesè, pou rive ranpote laviktwa sou fos kolonialis esklavajis yo , Jodi a pawol Konferans Nasyonal Enklizif Souvren (KNES)ta dwe pèmèt Pèp Nasyon an pran dwa grandèt majè li, kote tout moun sitwayen kopwopriyetè irevokab riches Nasyonal yo . Nan kriz leta sa ki la , kriz sosyete ki kole  ak leta , k ap trennen an , leta sa a pa kapab repwodui tèt li, se sèl lanmó ak mizè ki pral kontinye paweze. Nou, de sitwayen ayisyen(J. T. St Dic / Simil), engaje , solidè men solitè ,men ki pa grenn senk, nou kwè tou se sèl KNES( Konferans Nasyonal Enklizif Souveren) ki ka fini ak eksklizyon , pou mete baz yon leta nasyon tou nèf, pou pwogrè pep nasyon an . Se yon moman istorik , tankou 1804 ,ki dwe gen senbol li , senbol inite istorik moman an ,se pou sa nou pwopoze yon senbol ki ranmase , drapo nwa ak wouj Dessalines lan epi drapo ble ak wouj Pétion an ,se drapo KNES la.Li gen twa koulè : nwa ,wouj , ble ak lè zam de la Repiblik.Sa ki enpotan anpil, se yon fil ló , siy riches peyi-a , ki koud twa koulè yo ansanm. Abnegasyon se youn nan kalite ki te pèmèt nou domine rayisman, pou nou te ka mete ansanm pou fè 1804. Nou pa bliye ke Dessalines te Jeneral Brigad nan Lagè du Sud. Menm le li te kilbite Petion nan Kavayon,   Petion te abandone Laplume Leyogan al jwenn Rigaud, apre tout sa ,de Komandan sa yo pat gen pwoblèm pou efase pase antagonik yo, pou rasanble anba menm drapo, pou fè pwojè yo-a pase. Se sou ekzamp sa-a nou chita pou ofri Pèp Nasyonal Revandikatif kap batay pou souverente l,tout koulè, tout krinyè, tout sèks, la vil kou andeyò, lan mòn kou laplèn, lan twou sèl, kou bò pisin, lan Katedral,lan tanp levanjil, lan peristyl. Sa ki pale "ake", sa ki pale "avèk", ..Sa ki di "ka", Sa ki di "pe",yon Imaj kote yo rejwen sa yo bezwen, sa yo renmen,sa ki manyen yo, pou ka mete kanpe tout bon,on PEYI kote nou menm moun ayisyen ka Viv tout bon. Pwofese Marcel Gilbert te toujou konn pale de UNIP, (inite istorik de pèp), DoktèTurneb Delpé te toujou pale de KONFERANS NASYONAL, an nou onore volonte yo, pou fe inite istorik sa lan Pep Nasyon an . Nwa e Wouj, Ble e Wouj, ..se menm nou menm nan. Si nou mete twa koule sa yo  ansanm, Nwa-Ble-Wouj, tout moun anndan.Tout Moun la; pou menm kont, menm dwa sitwayen , menm devwa sitwayen, menm pouvwa sitwayen, lan yon menm batay. yon menm bitay. Jacques Ted St Dic / Simil