Juno7
Afwontman ant gwoup gang yo lakoz yon ratman gaz nan Pòtoprens
Jan. 31, 2024, midnight
Depi plizyè jou, gwoup gang nan Lasalin pa sispann toke kòn yo ak gwoup gang nan Waf Jeremi. Afwontman sa a gentan gen gwo enpak sou koze gaz la nan Pòtoprens. Dapre konsta repòtè , nan Dèlma, Piblen, Wout Frè, chofè moto ak machin te gonfle anba ponp yo nan lide pou fè yon ti gout gaz. se sa yon chofè moto ki te anba yon ponp nan piblen deklare. Pi lwen, yon chofè bis ki tap tante fè gaz sou wout frè a fè konnen gentan gen moun kap vann galon gaz la chè atè. Nan deklarasyon l li fè konnen si bagay la ret konsa, li pral oblije ret lakay li paske pri kous machin nan pral monte e pasaje yo pa p vle peye l.Prezidan Asosiyasyon Nasyonal Pwopriyetè estasyon sèvis yo (ANAPROSS), Marc André Dériphonse nou te rive kontate fè konnen afwontman ant gwoup gang yo lakoz tèminal Vare pa fonksyone depi madi 30 janvye 2024 la. se sa l fè konnen nan deklarasyon l.Fas ak sitiyasyon tèt chaje sa a kap gen gwo enpak sou fonksyonman moun yo nan popilasyon an, Marc André Dériphonse mande pou otorite yo nan leta a fè yon entèvansyon prese prese pou ponp yo ka rive alimante san traka e evite peyi a tonbe nan menm kriz gaz ki te gen avan yo.