this used to be photo

Juno7

Moïse Jean Charles mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba

Jan. 29, 2024, midnight

Lidè pitit Desalin lan, , te pran beton an jodi lendi 29 janvye a nan vil Okap ak patizan l yo, pou mande depa premye minis Ariel Henry nan tèt peyi a. Ansyen senatè Nò a pa t met dlo nan bouch li pou mande popilasyon an revolisyone pou kapab chavire peyi a. Li menm ale pi lwen pou l mande moun yo kraze peyi a, li ap ede yo refè l depi chèf Primati a kite pouvwa l ap dirije a., se deklarasyon ansyen kandida pou pòs prezidan an nan mikwo kèk jounalis pandan l te sou pakou kote manifestasyon an t ap dewoule.Manifestasyon sa te chaje anpil moun ki t ap lanse anpil pawòl piman bouk kont Ariel Henry ak tout manb ki nan pouvwa anplas la. Yo te fè divès zòn nan vil Okap epi te jwenn kèk obstak sou wout yo tou. Enfòmasyon fè konnen lapolis te tire gaz jistan foul la ta pral gaye men sa pa t anpeche manif lan kontinye.Nan mesaj final la, Moïse Jean Charles pa t chanje diskou revolisyonè li nan mande moun yo chavire peyi a nan men Ariel Henry. Pi lwen nan diskou l la, li fè konnen li kontan li wè moun plizyè kote anndan peyi a kanpe ap mobilize pou mande depa Ariel Henry. Li ajoute pou l di popilasyon pa dwe kanpe sèlman men se mete Ariel Henry an defi pou l pa ret anndan peyi a.Moïse Jean Charles ensiste sou bloke peyi a, li mande tout moun pou bloke katye kote yo ye, yon fason pou deboulonnen Ariel Henry sou pouvwa a. N ap raple w pou jounen 29 janvye sa, plizyè kote nan peyi a te gen mobilizasyon. Vil Okap, Okay, Miragwàn, Wanament, Twoudinò elatriye. Nan Pòtoprens te gen grèv ki pa t vrèman respekte men lari a te timid pandan ke nan Mibalè moun t ap mache pou kouran ki kòmanse ra nan vil sa.Crédit photo : lescientifique.org