this used to be photo

Juno7

Arestasyon Ansyen depite Cholzer Chancy nan kad dosye koripsyon CNE

Jan. 22, 2024, midnight

Jij kap enstwi dosye kòripsyon nan Sant Nasyonal Ekipman yo, Al Duniel Dimanche pa deside bay vag ditou nan ankèt lap mennen an. Grefye jij enstriktè a, Benchy Fontus konfime apre majistra a fin tande ansyen depite Ènri a, Cholzer Chancy jodi lendi 22 janvye 2024 la, li òdone yo mete l nan depo.“Wi, ansyen depite a pa rantre lakay li paske jij la jwenn endis pou yo mete l nan depo” se sa grefye Fontus deklare nan yon repons tou kout li te bay Juno7 san l pat vle antre nan plis detay.Ansyen prezidan chanm depite a rive jwenn arestasyon l sou dezyèm odisyon l nan kad dosye sa a e se premye moun jij la kenbe nan dosye a. Fòk nou souliye gen manda entènasyonal ki lage dèyè plizyè ansyen pèsonalite tankou ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, Jocelerme Privert, ansyen premye minis Jack Guy Lafontant, Evans Paul, Jean Henry Céant nan kad dosye sa.