Juno7
Kwadèboukè: bandi tiye papa atis Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l
Jan. 22, 2024, midnight
Nan yon mesaj li poste sou “story” Instagram li yè swa dimanch 21 janvye 2024 la, atis Clifford Dumé fè konnen bandi nan komin Kwadèboukè tiye papa l epi ale ak yon ti sè l. Ansyen chanpyon konkou Podium Quartiers a souliye tou gen yon ti kouzen l ki mal anpil k ap pran swen lopital. Chantè a lanse yon SOS pou mande èd moun pou l ka rejwenn ti sè a.“Yo touye papa m, yon ti kouzen m byen mal lopital, e yo kidnape yon ti sè m. Ede m fè kontak please pou m ka rejwenn li”, se mesaj sa Clifford Dumé fè pase pou mande konkou.Daprè atis la, yo tiye papa l devan Lise Jacques 1er ki nan komin Kwadèboukè. Sou rezo a plizyè entènot eksprime solidarite yo epi pa neglije lache fistrasyon yo fas ak sa ki pase a ki atenn moral jèn chantè a.N ap raple w Clifford Dumé se li ki chante mizik . Yon chante moun renmen anpil ki fè chemen l anpil sou rezo a ak nan medya ayisyen yo.