this used to be photo

Juno7

Kanada: vil Monreyal entèdi moun ki santi fò rantre nan bibliyotèk piblik yo

Dec. 5, 2023, midnight

Vil Monreyal nan peyi Kanada deside lite kont moun ki gen move sant, sa nou ta ka rele santi fò a. Sou 19 awondisman vil sa genyen, 9 ladan yo deja pran desizyon pou moun ak gwo sant pa rantre nan bibliyotèk piblik yo, mezi sa ap rantre an vigè premye janvye 2024. 9 lòt gen pou vote menm mezi sa epi 2 lòt awondisman ki rete yo ap gen pou chita sou koze sa pou pran yon desizyon, daprè sa jounal etranje yo rapòte.Gen plizyè asosiyasyon ki tire pye pou di sa se mezi ki gen pou wè ak diskriminasyon kont moun ki pa gen kay k ap dòmi nan lari ki konn vizite bibliyotèk sa yo. Vil Monreyal sou bò pa l pou defann tèt li fè konnen ke pèsonèl bibliyotèk piblik yo ap viv sitiyasyon konplèks ki mande pou pwoteje ak ankadre yo. Ki ta vle di se rezon sa desizyon sa pran.Yon moun ki pa respekte desizyon sa ka tonbe anba sanksyon nan peye yon amand ki ka ale jiska 3 mil dola kanadyen. Nan yon premye moman y ap mete w deyò epi w ap peye 300 jiska mil dola. Si w retounen menm jan an ankò, y ap mete w deyò pou yon mwa epi fè w peye yon amand ki 3 mil dola.James Hugues, prezidan misyon Old Brewery denonse koze sa epi kesyone pou l mande si moun ki pa gen kay yo, yo akeyi yo tou nan bibliyotèk., majistra vil Monreyal la voye jete koze diskriminasyon y ap pale a pou l di: “Nou pral modifye mo nouvo dispozisyon ki nan règleman bibliyotèk la pou l reflete dezi nou genyen pou n enkli nan tout espas nan vil la. Nan okenn sikonstans diskriminasyon pa gen plas nan Monreyal.”