this used to be photo

Juno7

Etazini: Yon fotograf efase tout foto maryaj yo paske lamarye yo refize l manje nan resepsyon an

Oct. 11, 2021, midnight

Sit fransè FranceLive rapòte gen yon fotograf ki siprime sou kamera l tout foto maryaj li te fin fè aprè koup marye yo refize l manje pandan moman resepsyon an. Aksyon sa pase nan peyi Etazini selon sa FranceLive rapòte.“Yo te gen yon bidjè sere, mwen aksepte fè foto pou yo pou 250 dola, sa ki pa anyen pou yon evènman k ap dire 10è tan”, se pawòl fotograf la nan jounal anglè .Fotograf sa ki se yon amatè daprè sit France Live, te koumanse swiv Lamarye yo tout kote yo pase pou imòtalize moman yo. Lè moman resepsyon an rive, koup marye a te fè fotograf la konnen li p ap ka manje paske fòk li toujou ap fè foto epi pa gen plas ki te rezève pou li tou sou tab yo.Fas ak sa, fotograf la ki te santi grangou a koumanse ap pike l eksplike pou l di, li mande koup marye yo yon poz 20 minit pou l ale chache bagay met nan vant li, mesye marye a te kanpe dan epi di ak misye swa li kontinye ap fè foto oubyen li kraze kite sa epi pa peye l”.Fotograf la te santi l vekse epi te mande ak mesye marye a si sa l di yo se tout bon, li te reponn li wi, se nan moman sa fotograf la te pran kamera l epi efase tout foto li te getan pran yo. Li fè aksyon sa devan koup marye yo.