this used to be photo

Juno7

Afganistan: Taliban yo tiye yon chantè paske yo entèdi koze mizik

Aug. 31, 2021, midnight

Selon medya , Taliban yo bay Fawad Andarabi yon bal nan tèt. Yon aksyon ki fè anpil moun ap reflechi pi plis sou represyon rejim islamis la ki pran kontwòl peyi a nèt depi dimanch 15 out pase a.Taliban yo pran chantè fòlklorik sa anndan lakay li, trennen l deyò epi tiye l ak yon bal nan tèt, selon sa yon jounalis lokal rapòte ak medya CNN epi releye pa plizyè sit etranje.Soti 1996 pou rive 2001, mizik te entèdi nan peyi Afganistan pa Taliban yo paske islam entèdi mizik. Chantè fòlklorik sa mouri 27 out nan vale d’Andarab, yon zòn Fawad Andarabi te konn met lajwa nan kè abitan yo ak mizik li yo, selon sa ansyen minis enteryè afgan an Massoud Andarabi rapòte sou kont Twitter li pou denonse zak Taliban yo tou.Rejyon sa kote chantè afgan an soti a nan gè depi 2 semèn kote kèk fòs rezistans ap twoke kout zam ak Taliban yo ki ap enpoze lwa yo chak jou ki jou epi pase dwa moun anba pye.