this used to be photo

Juno7

Tanpèt twopikal Grâce: Otorite yo leve vijilans wouj la sou peyi Dayiti

Aug. 17, 2021, midnight

nan tèt kole ak Direksyon Pwoteksyon Sivil anonse alèt wouj ki te gen sou peyi Dayiti a pandan pasaj tanpèt twopikal Grâce leve.Si maten an se te vijilans wouj sou tout peyi a apre ke depresyon twopikal Grâce te vin transfòme an tanpèt twopikal, pou kounya pa gen alèt sou peyi a.Toutfwa, otorite yo mande ak popilasyon pou toujou pran prekosyon epi rete vijilan.Yè lendi a te gen anpil lapli lapli nan Gran Sid la ak nan depatman Lwès la. Pou jodia, tan an te yon jan eklèsi nan nivo kapital ayisyen lan kote pa gen aktivite lapli.Bilten meteyo maten an te getan anonse tanpèt twopikal Grâce koumanse ap retire kò l tou piti sou peyi a. Sa pa anpeche ka gen aktivite lapli.Se rezon gen entèdiksyon kabotaj sou kot Sid la, entèdiksyon pou moun travèse ravin ak rivyè.Poko gen okenn kominike sou dega tanpèt twopikal sa ta koze oubyen si pa gen dega majè ki fèt. Men, anpil viktim tranbleman tè nan depatman Grandans, Sid ak Nip mouye anpil pandan pasaj Grâce ki pa t fè peyi a okenn moso lagras.Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7