this used to be photo

Juno7

Youn nan pi gwo antèn relè Digicel yo tonbe an pàn nan Miragwàn selon Maarten Boute

Aug. 17, 2021, midnight

PDG Digicel la, enfòme sou kont Twitter li ke youn nan pi gwo antèn relè konpayi Digicel tonbe an pàn nan zòn Miragwàn.Pwoblèm sa afekte sèvis konpayi a nan Gran Sid la. PDG a pa t bay detay sou sa ki ta lakoz sa menm kan moun ka di se akoz van ke tanpèt twopikal Grâce pote ki ka fè antèn lan afekte.Toutfwa, responsab konpayi a rasire popilasyon an ke teknisyen Digicel yo deja sou plas pou kapab repare antèn sa prese prese.Li fini twit li a pou l mande sitwayen yo fè pasyans, sèvis la ap tounen rapid.N ap raple w zòn Gran Sid la se kote ki frape anpil pa tranbleman tè a kote yon milye moun mouri selon bilan pwovizwa yo, plizyè milye blese ak sanzabri.