this used to be photo

Juno7

Yon gwoup òganizasyon nan Latibonit prezante yon pwopozisyon pou yon  tranzisyon “koupe fache”

Aug. 1, 2021, midnight

Fas ak jan sa ap pase depi aprè lanmò prezidan sou pouvwa a, ki kite anpil pawòl anpil ki fè poko ka gen okenn konnsansis, yon gwoup sitwayen anndan Latibonit prezante yon dokiman final sou pwopozisyon pou yon tranzisyon koupe fache selon sa k ekri anndan dokiman sa ki vin jwenn redaksyon an.Selon manb siyatè yo, tranzisyon sa dwe aji sou 2 gran aks ki se konjonktirèl ak estriktirèl.Nan dokiman sa, pou aks konjonktirèl la, siyatè yo mande pou elimine tout dekrè anti konstitisyonèl Jovenel Moïse te pran, retounen sou lòt desizyon ki pran dèyè do lalwa, libere prizonye politik, elimine franchiz yo elatriye…Nan aks estriktirèl la, dokiman sa pwopoze pou yo manyen chantye politik, ekonomik, sosyal, edikatif, jistis, kiltirèl ak fiskal, yo estime fòk gen yon mezi an pwofondè ki pran sou diferan chan sa yo.Yo swete yon egzekitif ki gen 2 tèt kote prezidan ak premye minis lan dwe yon moun onèt, kredib, entèg epi ki enspire konfyans.Yo swete pou gen 14 ministè sèlman epi pwopoze yon Konsèy Kontwòl Nasyonal(KNN) ki pou kontwole aksyon gouvènman tranzisyon an. Konsèy sa dwe gen 22 moun ki repati 2 manb nan chak 2 depatman epi 2 manb nan djaspora a ki vin bay 22.Yo fini pou di ke yo rete ouvè pou tout diskisyon sensè ki enskri nan demach pou jwenn yon solisyon ak kriz peyi a ap travèse.Moun ki siyen dokiman sa se Exantus Reynald( Opl), Noelsaint Donald(Lakay) , Garçonnet Paul André( Lakay), Ledix Quesnel( tab konsetasyon) Michel Maques( personnalite) Estimé Violette ( G.F) Luc Rosemond( Kozepep) Dessalines Emmanuel( tab konsetasyon )Fontilus Richemond(Grap) Sagard Wilfrid ( tab konsetasyon).