this used to be photo

Juno7

Yon gwoup vodouyizan òganize yon “Bowoum” nan espas kote Diego ak Netty te mouri a

July 28, 2021, midnight

Yon gwoup vodouyizan melanje ak moun nan opozisyon an te reyini jodi mèkredi 28 jiyè 2021 an, nan Kriswa, ri Akasya, kote yon seremoni vodou te fèt nan moman an pou viktim Dèlma 32 yo ak militant Marie Antoinette Duclaire epi jounalis Diego Charles.Aktivite sa fèt nan yon dat ki make 106 lane depi ameriken te debake sou teritwa papa Desalin lan yon 28 jiyè 1915 pou te vin okipe nou. Nan sans sa, kèk manb nan sektè demokratik la ak òganizasyon popilè te pwofite denonse enjerans blan ameriken yo.André Michel ki te prezan nan okazyon an te denonse enjerans blan an nan sa k gen pou wè ak politik ayisyèn lan epi mande jistis pou tout moun li di ki viktim pandan 10 lane rejim PHTK a.Daprè kèk moun ki t ap obsève seremoni sa, se yon “Bowoum” vodouyizan yo bat, ki se yon sòt seremoni adye, yon chan finèb nan milye vodou a.N ap raple w jounalis Diego Charles ak militant Marie Antoinette Duclaire mouri nan lannuit 29 pou louvri 30 jen. Fineray Diego Charles te chante nan Jeremi epi li antere Mafran. Antoinette Duclaire antere nan vil Chantal.