this used to be photo

Juno7

Tanpèt Elsa elwanye Ayiti pou ale Jamayik ak Kiba men otorite yo toujou kenbe vijilans jòn

July 4, 2021, midnight

Bilten espesyal nimewo 11 ki vin jwenn redaksyon Juno7 la pou jodi dimanch 4 jiyè a, enfòme popilasyon an sou pasaj siklòn Elsa, fè konnen vijilans jòn pou kounya nan plan nasyonal jesyon risk ak dezas, pandan avan sa se te Vijilans wouj. Bò 2 è maten an, ouragan Elsa te lokalize l a 17.9 degre altitid nò epi 75.1 degre lonjitid lwès. Anviwon 180 km Ès/Sidès vil Kingston, kapital peyi Jamayik. Van ki akonpaye siklòn sa se 100 kilomèt lè. Deplasman li rapid. Presyon minimal li se 1007 ekto Paskal, selon tout dènye detay yo nan bilan meteyowolojik peyi a.Pou peyi Dayiti, sant tanpèt twopikal Elsa li rapwoche li de Jamayik, li elwanye pati Sid peyi a konsiderableman. Toutfwa, enpak yo toujou la sou peyi an kote toujou gen van k ap soufle, lanmè a move, sa ki ka toujou pwovoke inondasyon sou kot Sid lan, se yon nan rezon tou ki fè otorite yo toujou kenbe vijilans jòn sou tout peyi a . Vòl ak anbakasyon ki konn fèt sou rejyon Sid peyi an toujou entèdi jiska nouvèl lòd malgre tanpèt la ap elwanye l de peyi Dayiti . toujou mande ak popilasyon an rete vijilan, tande tout bilten yo, aplike konsiy otorite yo, mete tout sa k enpòtan yon kote ki sekirize, mete manje lakay nou, pa kanpe anba pye bwa, ni bò fenèt, pa eseye travèse ravin ak rivyè yo kap desann.