this used to be photo

Juno7

Akachon 32: Yo jwenn yon polisye ak tout pitit fi l mouri ak yon bal nan tèt yo chak.

July 2, 2021, midnight

Aksyon sa pase nan lannuit jedi 1e jiyè a. Sitwayen zòn lan dekouvri kò 2 moun yo k ap benyen nan san yo. Zam polisye a te konn sèvi te sou yon kabann kote aksyon sa pase a. Plizyè foto ak videyo ap sikile ki montre imaj Johnson Belizaire ak tout pitit fi l ke enfòmasyon ta lèse kwè ki gen 13 mwa sèlman. Nan moman atik sa t ap ekri redaksyon an pa vrèman gen detay sou sa ki ta lakoz zak sa. Anpil enfòmasyon ap sikile kòmkwa polisye a ak madanm li te konn nan diskisyon chak tan. Gen enfo ki fè kwè tou se li ki tiye pitit la apre li tiye tèt pa l.Rete ak epi lajistis pou pwodui ankèt epi fè limyè sou sa k pase a.