this used to be photo

Juno7

Ansagalè: Yon avyon frape 2 moun sou pis la pandan youn nan yo t ap aprann kondi moto

July 2, 2021, midnight

2 viktim sa yo se yon demwazèl ki rele Dinachka epi Hilaire Jovenson. Jovenson se mennaj Dinachka, li t ap montre l kondi moto sou pis la. Se nan moman sa, pandan aterisaj avyon an ki te vin poze 2 moun sou pis la pase pran 2 moun sa yo. Nan poze a, yon pati nan zèl la pran mesye dam sa yo pandan y ap aprann kondi moto. Demwazèl la arive frape nan tèt, sousi gòch li arive koupe, mennaj li a ki se Jovenson ki t ap montre l kondi frape nan senti, li te nan sewòm. 2 viktim sa yo te twouve yo nan sal ijans lopital Wesleyèn nan komin Ansagalè, daprè detay Johann Sébastien Joseph.Selon eksplikasyon Johann Sébastien Joseph ak jounal la, pis sa se yon pis ouvè, jeneralman nan aprèmidi moun konn vin aprann kondi moto ak machin. Dabitid depi l fè 3 a 4 è avyon pa ateri sou pis sa ki fè moun toujou vin kouri moto ak machin.