this used to be photo

Juno7

Demen samdi an, tanpèt twopikal Elsa ka frape peyi a, sitou gran Sid la

July 2, 2021, midnight

Nan yon nòt ki mete deyò mitan jounen jedi 1e jiyè a, Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk ak Dezas (SPGRD) ansanm ak direksyon jeneral , nan tèt kole ak Inite Idwometeyowolojik an Ayiti, enfòme tout moun ke peyi a plase sou vijilans jòn akoz tanpèt twopikal Elsa k ap apwoche sou peyi a ki kapab frape sitou Gran Sid peyi a, demen samdi swa. Selon kominike sa, senkyèm depresyon twopikal sezon an transfòme yè jedi a, an tanpèt twopikal ke yo rele Elsa. Selon trajektwa yo prevwa li dwe fè, li ta dwe pase jodi vandredi a, sou kot Sid ti Antiy yo nan stad tanpèt twopikal avan li travèse Sid peyi a. Depatman ki konsène yo se Lwès, Nip, Sid ak Grandans.Nan sans sa, otorite Pwoteksyon Sivil yo mande ak sitwayen yo, sitou sitwayen ki rete nan zòn ki danje yo pou rete vijilan epi aplike konsiy sekirite yo. Konsiy yo se swiv enfòmasyon sou meteyo, inyore tout rimè, mete tout pyès ak papye enpòtan yon kote ki asire, deplase si ou rete bò ravin, kote ki konn gen deboulonay elatriye. Kominike sa raple popilasyon an pou pa bliye pwoteje tèt yo tou kont kowonaviris la.