this used to be photo

Juno7

Inter Milan kanpe “ejemoni” Juventus la nan peyi Itali.

May 2, 2021, midnight

Wikenn sa klèb Inter a ki soti nan vil sakre chanpyon Itali matematikman apre Atalanta fè yon match nil 1-1 kont ekip Sassuolo a.Sa ki vin fè pwoteje Antonio Conte yo gen 82 pwen a 4 joune pou sezon an fini. Atalanta ki 2e gen 69 pwen, li mèt sote ponpe li pa ka jwenn Inter alevwa espere chanpyon.Nouvo tit sa fè Inter kanpe dominasyon Juventus la ki toujou nan difikilte a 4 jounen pou l kalifye pou LDC.Inter vin dezyèm ekip ki gen plis tit chanpyona Itali avèk 19, dèyè do Juventus ki gen 36.Milan ki te koumanse sou  yon bèl sezon te menm okipe premye plas la pandan plizyè mwa vini twazyèm ekip ak plis tit chanpyona avèk 18 tit.Ane a chanpyona Itali a gen anpil sispens pandan dènye joune sa yo, kote 4  ekip ap goumen pou 3 plas ki rete pou lig dè chanpyon. Ekip sa yo se Atalanta, Milan, Naples ak Juventus ki kole kole, chak joune se yon final, gen youn nan yo k ap rate tren an kanmèm