Juno7
Dekouvri Psychoraaap ak yon nouvo mizik li ki rele “Zanmi”
April 19, 2021, midnight
Psychoraaap se non yon jèn rapè ayisyen ki soti yon nouvo mizik ak tout videyo ki rele ““. Jèn sa atis sa ki gen pou bon non Darryll Jean-Baptiste ap viv Massachusetts, te pale ak redaksyon Juno 7 sou mizik la, lavi l, modèl li nan rap, pwojè li genyen. An n li ansanmPsychoraaap se yon jèn rapè ayisyen k ap evolye Massachussets. Li se yon enjenyè son, yon powèt. Li fèt 22 aout 1996, li grandi Dèlma 31. Bon nom mwen se Darryll Jean-Baptiste.Psychoraaap: Se epòk BBM, lè m ap tande mizik, li toujou parèt sou estatim epi yon bon jou nan yon gwoup tchat, g on moun ki di yow Darryll ou toujou ap tande rap wi man Alcool lè dj ekri ah misye s on Psycho rap li menm epui boom non an tou rete.Psychoraaap: Mwen te koumansse nan mizik kòm dj m ka di depui 12,13 an, men mwen koumansse rap a 16 17 an.Psychoraaap: ZANMI se youn nan mizik mwen fè ke m satisfè de li anpil paske li jwe sou karaktè pèsonèl mwen. Mizik pa t sèlman fèt pou blag. so mizik sa m son nèg ki alèz ak tout moun depi w montre m vrè figi w. Ou pa oblije gen menm tanperaman ak yon moun pou w zanmil…. s on bagay m toujou ap di avèk eksepsyon kanmèm.Psycho: gen 2 rezon ki te pouse m fè mizik sa: 1e rezon an se paske mwen te vle pale de tout tip zanmi majorite nan nou genyen. 2èm rezon se jis paske m vle moun konprann ke se pa paske moun nan pa pafè ki fè l pa ka zanmi w.Psychoraaap: Mwen klasifye m kòm rapè. mwen fè plis trap ke lòt bagay, men mwen gen mizik nan tout stil. Mwen pa limite enspirasyon m ak talan m.Psychoraaap: K-Lib , 47.Psychoraaap: M ka di mwen gen 30 mizik deyò epi yon 20 ki poko soti.Psychoraaap: Apre zanmi an, m konte prezante yon mixtape k ap rele INTRO k ap trè enteresan.Psycho: KWÈ NAN TÈT OU. NO MATTER WHAT.