this used to be photo

Juno7

Kowonaviris: Operasyon Tèt ansanm plase mo l sou koze vaksinasyon an

March 25, 2021, midnight

Nan yon nòt ki pote siyati doktè Kelly C. Bastien, doktè Shiler Louidor, doktè Ernso Casimir, Evalière Beauplan ak Bertrand Sinal, estrikti Operasyon Tèt Ansanm eksprime enkyetid li sou koze vaksinasyon kont Jovenel Moïse ap pale a. Anndan nòt sa, estrikti a fè konnen li pa sezi wè Jovenel Moïse ke l kalifye gwo ènmi popilasyon an pran dekrè sou vaksinasyon kont kovid 19. Pandan estrikti a fè konnen li pou vaksinasyon men li dwe yon pwogram vaksinasyon ki garanti lasante ak lavi. Pi lwen anndan nòt sa, Operasyon Tèt ansanm kwè ke dekrè vaksinasyon sa plis sanble yon plan Jovenel Moïse ap marinen pou donmaje ak touye ayisyen san kontwòl. Paske daprè sa estrikti a fè konnen, pouvwa an plas la pa bay okenn eksplikasyon sou kalite, pri, dòz, avantaj, nivo pwoteksyon, garanti sekirite, pwovnans, pwogram, sètifikasyon sou kesyon vaksinasyon sa.Operasyon Tèt Ansanm di anndan nòt sa li rete kwè se yon vaksen trafike pandan l fè konnen MSPP pa gen okenn kontwòl sou trafik move medikaman “Dekrè sa pa bay garanti, si ta gen ayisyen ki viktim lè l fin vaksinen, viktim yo p ap ka trennen devan lajistis: ni leta, ni konpayi ki fabrike vaksen an. Kòm gen anpil trafik move medikaman ki deja ap taye banda nan peyi Dayiti ki pa sou okenn kontwòl , Operasyon Tèt Ansanm prese enfòme pèp ayisyen an, sou posiblite vaksen trafike ki se yon gwo danje”, nou kapab li anndan nòt sa. Estrikti a kritike dekrè a ke l di ki pa esplike klè kou klèwòz tout dispozisyon ki ta garanti pwoteksyon sante tout moun. Operasyon Tèt Ansanm fè konnen l ap pare pou akonpaye popilasyon an douvan lajistis si yo ta viktim nan koze vaksinasyon an pandan l envite sitwayen yo monte volim mobilizasyon an pou kanpe wilib yo di Jovenel Moïse ap pran depi 7 fevriye pase a sou pouvwa a.