this used to be photo

Le Nouvelliste

Souple, ban m yon ti atansyon

July 2, 2020, midnight

Bonjou, bonswa tout moun Souple, ban m yon ti atansyon Mwen oblije pase pa laprès pou m fè mesaj sa a rive jwenn gwo chabrak yo. M ap pale de gwo otorite Leta yo, ak gwo pwopriyetè yo ki gen tè lib, ki ka plante pyebwa. Non mwen se Junie Charles Kò m tout moun, mwen konstate peyi m ap depafini. Pou « pi ta pa pi tris » mwen vle ofri sèvis mwen a Leta peyi m pou m plante tout kalite pyebwa ki bay manje, pou n wè si ti bout tè sa a ka rale yon souf. Pawòl la di «Plante jodi se espwa demen» Nan tout tè ki disponib, ak finansman yo m vle plante chan mango, chan seriz, chan tamaren, chan bannann, chan kokoye, chan nwa, chan zanmann. Pandan pyebwa sa yo ap grandi, m ap fè lòt jaden tankou mayi, pwa, manyòk, yanm, kalalou, elatriye. Lè pyebwa sa yo gran, m ap ka plante kafe ak kakawo. Bò kote tout wout nasyonal yo, m ap mete zanmann nan tout peyi a. Se ak tout fòs mwen mwen pran angajman sa a. Mezanmi, gen moun, gen tè. Richès la se nan «tè a» li ye. Mete men avè m, souple, pou pwojè sa a reyalize, nou tout ap benefisye. Pa pèdi tan, pa pèdi tan, pa pèdi tan – Lè w fè m pran kontak ak enterese yo. Lè w simaye mesaj sa, se kontribisyon pa w. Sa w ka fè a, fè l. Nou chak ka fè yon bagay. Ann pwofite de sante nou. Rele m souple pou n wè sa k ka fèt nan 4145-5789 / 3618-5584. Junie Charles