this used to be photo

Juno7

Dèlma 40 B: Popilasyon an bloke zòn nan pou egzije liberasyon yon sitwayen bandi kidnape

Jan. 26, 2021, midnight

Selon enfòmasyon yon repòtè ki sou plas konfime bò kote kèk sitwayen. Endividi kidnape Choubert Samedi lakay li yè lendi a vè 10 zè nan aswè epi mande fanmi an 200 mil dola vèt. Pou eksprime kòlè ak fistrasyon yo fas ak zak sa epi fenomèn ensekirite ki blayi kò l anndan peyi a, popilasyon Dèlma 40 B a leve kanpe maten an kote yo bloke zòn lan epi ap boule Kawotchou pou mande liberasyon Choubert Samedi. Lapolis te arive sou plas pou eseye debloke wout la epi tante eksplike ak sitwayen yo sikilasyon an dwe fèt, men abitan zòn yo pa dakò paske yo deside rete mobilize jistan sitwayen an libere.