this used to be photo

Juno7

Frans: Etidyan nan inivèsite Aix-Marseille ap mande jistis pou Grégory Saint-Hilaire

Oct. 8, 2020, midnight

Sitin sa fèt jodi jedi 8 septanm 2020 an, kote plizyè etidyan te kanpe devan lokal fakilte lèt inivèsite Aix-Marseille pou kondane zak asasinay sa ki fèt sou Grégory Saint-Hilaire kote li te resevwa yon bal nan men ajan USGPN epi l ta pral mouri twa zèd tan apre paske l pa t ka jwenn swen. Sitin sa ki te gen etidyan ayisyen ak etranje te lanse pa “Comité de lutte d’Aix-en-Provence,  CGT d’Aix-en-Provence, jeunes communistes de la région Bouches-du-Rhône” kote yo t ap kriye “Justice pour Grégory” yon fason pou degaje konsyans yo epi eksprime mekontantman yo kont zak represyon yo estime etidyan pa bò isit ap sibi.Pandan mouvman sa, reprezantan doktoran nan inivèsite Aix-Marseille la, Grégory Gustémable fè konnen pa gen okenn rezon ki ka eksplike asasina yon etidyan pa lapolis anndan yon fakilte. Pou mesye Gustémable, li kalifye zak sa de “babari”, “kriminèl” pandan l fè konnen zak sa merite kondane. Grégory Gustémable ankouraje etidyan yo pou yo rete mobilize pou kapab kapote rejim sa ki la ke l di k ap fè anpil zak represyon sou etidyan an Ayiti. Etidyan ak sendikalis sa yo anndan inivèsite Aix-Marseille pwomèt y ap rete mobilize jiskaske zak sa yo kanpe kont etidyan an Ayiti. Yo deja anonse yon mach solidarite pou jedi 15 oktòb k ap vin la.