this used to be photo

Juno7

Trophées UNFP: kijan w kapab vote pou Melchie Dumornay ?

May 1, 2024, midnight

Atakant ayisyèn lan, Melchie Daelle Dumornay, nome nan Trophées UNFP pou kategori nan chanpyona fransè lakay medam yo ki rele D1 Arkema. Grenadyèz la an konkirans avèk 4 lòt jwez pou pri sa. Si w gen difikilte pou w vote, redaksyon Juno7 la ap eksplike w kijan w ka fè sa lè w swiv etap yo.Premye bagay w ap fè se ale sou sit entènèt Trophées UNFP a ki se Lè w fin monte sou li, w ap wè anba a yo bay plizyè opsyon, w ap glise adwat pou w klike sou .Lè w fin rantre nan opsyon a, w ap desann nan kategori .Lè w rive w ap wè foto nome yo, w ap tape sou imaj pa Melchie Dumornay epi sou . Lè w fin tape w ap wè vòt ou an konfime lè pousantaj vòt la monte anba foto a epi yo di w .Vote pou Melchie ki an konpetisyon ak yon koyekipyè l, 2 jwez PSG ak youn ki sot nan Paris FC. Pri yo ap remèt 13 me k ap vini la nan vil Pari.